
Pòtoprens, 28 me 2025
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) konfime tout dispozisyon yo deja pran pou bon jan òganizasyon egzamen ofisyèl yo pou ane eskolè 2024-2025 lan. Daprè otorite ministè a, kalandriye eskolè a rete san chanjman, e egzamen yo ap kòmanse lendi 30 jen 2025 avèk elèv 9vyèm ane fondamantal yo pou fini vandredi 18 jiyè 2025 avèk kandida Fòmasyon Teknik ak Pwofesyonèl yo.
Pwolongasyon Peryòd Enskripsyon 9èm Ane yo
Pandan yon konferans pou laprès madi 27 me 2025, Direktè Jeneral MENFP a, Yves Roblin, anonse pwolongasyon peryòd enskripsyon pou egzamen 9vyèm ane fondamantal yo jiska 2 jen 2025. Li mete aksan sou nesesite pou tout direktè lekòl finalize dosye elèv yo anvan delè sa a.
Otorite yo fè konnen pa p gen okenn lòt chans pou enskripsyon apre dat sa. MENFP lanse apèl bay direktè ak direktris lekòl yo pou evite enskri elèv ki poko rive nan 9èm ane. Pou evite fo deklarasyon, lekòl yo oblije soumèt lis elèv ki te nan 8èm ane e ki pase nan 9èm ane pou validasyon enskripsyon yo. Sinon, yo pa p aksepte dosye a.
Kontni Esansyèl ak Modèl Egzamen yo
Direksyon Ansèyman Fondamantal la deja mete disponib lis kontni esansyèl ki baze sou sa yo anseye anndan sal klas yo ak egzamen lekòl yo te administre. MENFP ankouraje lekòl yo itilize zouti sa yo ansanm ak kou konpansasyon aprantisaj pou prepare elèv yo.
Ministè a deja teste modèl egzamen yo sou echantiyon lekòl piblik ak prive pou verifye si:
konsiy egzamen yo klè,
tan ki prevwa pou chak matyè rezonab,
prensip ekite ak koyerans ak pwogram ofisyèl yo respekte.
Evalyasyon sou Egzamen 2024 yo
Direktè Ansèyman Segondè a, Miguel Fleurijean, raple tout egzamen final yo ap gen twa pati:
1. Konesans debaz (40%)
2. Konesans mwayen (40%)
3. Konesans avanse (20%)
Apre analiz sou egzamen 2024 yo, ministè a dekouvri plizyè feblès:
Chimi: 62% rekonèt fòmil yo, men mwens pase 10% konn itilize yo.
Filozofi: 90% byen entèprete kesyon yo, men sèlman 1% idantifye enterè filozofik la.
Matematik: 73% elèv pa reyisi fè mwayèn.
Lang: 93,9% gen konpetans lengwistik, men sèlman 6,5% montre konpetans agimantasyon.
Evalyasyon sa yo ap sèvi Ministè a kòm gid pou amelyore ansèyman ak aprantisaj nan tout peyi a.
Tèks Egzamen yo prè pou Jiyè 2025
Miguel Fleurijean bay garanti ke tèks egzamen bakaloreya yo ap fin pare apati 12 jen 2025. Ekip elaboratè, relektè ak responsab teknik yo ap travay san pran souf pou respekte delè a.
Kalandriye Egzamen Leta 2025 yo
1. 9vyèm Ane Fondamantal: 30 jen – 3 jiyè 2025
2. Lekòl Nòmal Enstititè: 30 jen – 4 jiyè 2025
3. Sant Edikasyon Familyal: 30 jen – 4 jiyè 2025
4. Fen Etid Segondè (Bakaloreya): 14 – 17 jiyè 2025
5. Fòmasyon Teknik ak Pwofesyonèl: 7 – 18 jiyè 2025
Biwo Kominikasyon / MENFP
Laisser un commentaire